DOE A to Z: A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #

Sondaj sou atmosfè nan lekòl la

Elèv nan lekòl mwayen - lekòl segondè (Klas 6yèm ane a 12yèm ane)

ENSTRIKSYON

Tanpri, li chak kesyon avèk atansyon, epi seleksyone repons ki plis sanble opinyon w genyen an. Asire ke ou reponn chak kesyon, e lè ou fini, tanpri revize sondaj ou a pou w asire w ke ou konplete l antyèman. Nou apresye dèske w ap pran tan w pou ranpli sondaj la.

1. Tanpri, endike nan ki sans ou dakò oswa ou pa dakò avèk deklarasyon swivan yo sou lekòl ou a:

a. Longè jounen lekòl la plizoumwen bon.


b. Byen souvan, mwen pa gen ase tan pou mwen deplase soti nan yon klas pou m ale nan yon lòt.


c. Yo kenbe lekòl mwen an pwòp.


d. Mwen renmen bilding lekòl mwen an.


e. Lekòl mwen an gen règ ak konsekans ki byen klè sou konpòtman.


2. Tanpri, endike nan ki sans ou dakò oswa ou pa dakò avèk deklarasyon swivan yo sou elèv ki nan lekòl ou a:

Pifò elèv ki nan lekòl mwen an . . .

a. fè tout posib yo, menm lè travay yo difisil.


b. fè tout devwa pou yo fè lakay yo.


c. panse PA GEN PWOBLÈM si yo triche depi lòt elèv ap triche tou.


d. fè efò yo pou yo fè yon bon travay lè y ap fè devwa lekòl yo menm lè devwa a pa enteresan.


3. Tanpri, endike nan ki sans ou dakò oswa ou pa dakò avèk deklarasyon swivan yo sou pwofesè yo:

Pwofesè m yo . . .

a. ban m anpil ankourajman.


b. fè aprantisaj la enteresan.


c. ankouraje elèv yo pou yo pataje ide yo sou bagay n ap etidye nan klas la.


d. remake lè m ap fè yon bon travay epi yo fè m konn sa.


e. ap ede m amelyore travay mwen si mwen pa travay byen ditou nan yon devwa.


f. banmwen plizyè chans pou mwen patisipe nan diskisyon k ap fèt nan salklas oswa pou mwen patisipe nan aktivite.


g. byen souvan bay devwa pou fè lakay ki ede m aprann.


h. ap banmwen èd adisyonèl lekòl la andeyò de lè nòmal klas la.


4. Tanpri, endike nan ki sans ou dakò oswa ou pa dakò avèk deklarasyon swivan yo sou lekòl ou a:

Pifò elèv ki nan lekòl mwen an . . .

a. konpòte yo byen.


b. pa vreman renmen youn lòt.


c. ede youn lòt lè yo mande yo.


d. trete youn lòt byen.


5. Tanpri, endike nan ki sans ou dakò oswa ou pa dakò avèk deklarasyon swivan yo sou lekòl ou a:

a. Pwofesè nan lekòl mwen an trete elèv yo avèk respè.


b. Elèv nan lekòl mwen an trete youn lòt avèk respè.


c. Adilt ki nan lekòl la, trete elèv yo defason ekitab.


d. Pifò elèv nan lekòl mwen an mete yo dakò byen fasilman avèk lòt elèv lè yo gen dezagreman antre yo.


e. Gen anpil chans pou elèv nan lekòl mwen an pale avèk yon pwofesè fas-a-fas, san pa gen lòt moun ki prezan.


f. Nan lekòl sa a, elèv yo sibi entimidasyon souvan.


g. Nan lekòl sa a, byen souvan yo takinen oswa agase elèv yo.


h. Nan lekòl mwen an, arasman, agasman ak entimidasyon lòt elèv koze, se yon pwoblèm.


i. Adilt nan lekòl sa a aplike menm règ yo pou tout elèv, san patipri.


j. Dèfwa, mwen rete lakay mwen paske mwen pa santi m ansekirite lekòl la.


k. Adilt nan lekòl sa a, jeneralman pare pou yo pran tan yo pou yo bay elèv yo èd anplis.


l. Pwofesè mwen yo sousye yo anpil pou mwen.


6. A ki pwen ou santi w ansekirite . . .

a. lè ou nan zòn ozalantou deyò lekòl la?


b. lè ou nan koulwa ak nan twalèt nan lekòl la?


c. lè ou nan klas ou?


7. Tanpri, endike nan ki sans ou dakò oswa ou pa dakò avèk bagay swivan yo:

Lè w ap panse a ane ou sot pase nan lekòl la, chak konbyen fwa ou te . . .

a. renmen pase tan nan lekòl la?


b. rayi pase tan nan lekòl la?


c. santi ke devwa lekòl yo te ba w fè a te itil ak enpòtan?


8. Tanpri, endike nan ki sans ou dakò oswa ou pa dakò avèk bagay swivan yo:

a. Elèv nan lekòl mwen an, gen anpil chans pou yo patisipe nan espò, nan klib, ak nan lòt aktivite eskolè andeyò de salklas la.


b. Mwen gen opòtinite pou mwen eksprime tèt mwen nan lekòl la.


c. Elèv yo ede deside kisa ki pou pase nan lekòl mwen an.


d. Mwen swete mwen te ale nan yon lòt lekòl.


e. Nan lekòl mwen an, elèv yo gen anpil chans pou yo ede deside sou bagay, tankou aktivite ak règ yo.


f. Mwen santi ke plas mwen se nan lekòl sa a li ye.


g. Pwofesè ak lòt adilt isit la, tande ide elèv yo pataje sou lekòl la.


h. Fanmi mwen vle pou mwen travay byen lekòl.


i. Paran mwen mande m si mwen fin fè devwa pou m te fè lakay yo.


j. Paran mwen ap pini m si yo konnen mwen fè lekòl bisonyè.