DOE A to Z: A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #

Sondaj sou atmosfè nan lekòl la

Elèv lekòl elemantè (Klas 3yèm ane a 5yèm ane)

ENSTRIKSYON

Tanpri, li chak kesyon epi seleksyone repons ki plis sanble opinyon w genyen an. Asire w ke ou reponn chak kesyon. Nou apresye dèske w ap pran tan w pou ranpli sondaj la.

Tanpri, seleksyone Non, Dèfwa, oswa Wi pou chak deklarasyon pi ba a.

1. Yo kenbe lekòl mwen an pwòp.


2. Mwen renmen bilding lekòl mwen an.


3. Mwen santi mwen ansekirite lè mwen nan zòn ozalantou deyò lekòl mwen an.


4. Mwen santi mwen ansekirite lè mwen nan koulwa ak nan twalèt nan lekòl mwen an.


5. Mwen santi mwen ansekirite lè mwen nan salklas mwen an.


6. Elèv ki nan lekòl mwen an youn ede lòt lè li nesesè.


7. Elèv ki nan lekòl mwen an konpòte yo byen.


8. Pifò elèv nan lekòl mwen an, eseye pale avèk lòt elèv, si yo gen pwoblèm ak yo.


9. Pifò elèv yo vin nan klas tou pare.


10. Pifò elèv nan lekòl mwen an eseye fè tout efò posib yo.


11. Pifò elèv nan lekòl mwen an trete youn lòt byen.


12. Pwofesè mwen yo remake lè mwen gen difikilte pou mwen aprann yon bagay.


13. Mwen raz lè mwen lekòl.


14. Pwofesè mwen yo koute mwen lè mwen pale avèk yo.


15. Pwofesè mwen yo ap ede mwen si mwen ta bezwen sa.


16. Devwa pwofesè m yo banmwen pou mwen fè lakay mwen ede m aprann.


17. Pwofesè mwen yo banmwen devwa ki enteresan.


18. Pwofesè ak lòt adilt isit la, tande ide elèv yo pataje sou lekòl la.


19. Fanmi mwen vle pou mwen travay byen lekòl.


20. Paran mwen mande m si mwen fin fè devwa pou m te fè lakay yo.


21. Mwen ta renmen dekouvri ak aprann nouvo bagay.


22. Pwofesè m yo fè aprantisaj la enteresan.


23. Pwofesè m yo fyè de mwen lè mwen travay byen.


24. Pwofesè m yo vle pou elèv yo pale avèk lòt elèv sou bagay n ap etidye yo.


25. Nan lekòl sa a, elèv yo sibi entimidasyon.


26. Pifò elèv nan lekòl mwen an fache lè yo pa dakò avèk lòt moun.


27. Adilt k ap travay nan lekòl mwen an trete elèv yo avèk respè.


28. Pwofesè mwen yo sousye yo anpil pou mwen.


29. Nan lekòl sa a, yo takinen, maltrete, anbete elèv yo oswa yo ba yo non.


30. Pwofesè m yo ede m fè devwa lekòl mwen pi byen.


31. Pifò elèv nan lekòl mwen an trete youn lòt avèk respè.


32. Pwofesè mwen yo trete sèten elèv pi byen pase lòt.


33. Mwen santi mwen fè patide lekòl sa a.


34. Mwen patisipe aktivman nan klas.


35. Mwen renmen lekòl.


36. Mwen swete mwen te ale nan yon lòt lekòl.