DOE A to Z: A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #

Sondaj sou atmosfè nan lekòl la

Paran

ENSTRIKSYON

Tanpri, li chak kesyon avèk atansyon, epi seleksyone repons ki plis sanble opinyon w genyen an. Asire ke ou reponn chak kesyon, e lè ou fini, tanpri revize sondaj ou a pou w asire w ke ou konplete l antyèman. Nou apresye dèske w ap pran tan w pou ranpli sondaj la.

Tanpri, endike anan ki sans ou dakò oswa ou pa dakò avèk deklarasyon swivan yo:

1. Mwen satisfè avèk longè jounen lekòl la.


2. Anviwònman nan lekòl pitit mwen an pwòp e li an bòn eta.


3. Mwen renmen bilding lekòl pitit mwen an.


4. Pitit mwen santi li ansekirite lè li lekòl.


5. Elèv ki nan lekòl pitit mwen an konpòte yo byen.


6. Pitit mwen ansekirite lè li prale lekòl ak lè l ap tounen sot lekòl.


7. Anviwònman aprantisaj la nan lekòl pitit mwen an ekselan.


8. Mwen fyè dèske pitit mwen ale nan lekòl sa a.


9. Mwen satisfè avèk aktivite ki pa fè patide pwogram lekòl yo, ke yo fè nan lekòl pitit mwen an.


10. Kominikasyon ki fèt avèk fanmi yo fèt avèk respè e nan yon fason ki lib.


11. Estaf lekòl la ede pitit mwen an aprann kouman pou li jere tan li.


12. Pwofesè yo bay pitit mwen devwa pou l fè lakay li ki gen kalite siperyè e ki ede l aprann.


13. Pwofesè nan lekòl pitit mwen an etabli estanda elve pou elèv yo.


14. Pwofesè pitit mwen yo ankouraje elèv yo pou yo panse defason endepandan.


15. Nan lekòl pitit mwen an yo gen pi bon pwofesè ak anplwaye yo.


16. Anjeneral, mwen satisfè avèk lekòl pitit mwen an.


17. Pwofesè yo nan lekòl pitit mwen an ekselan.


18. Nan lekòl pitit mwen an, yo satisfè bezwen akademik elèv yo.


19. Pwofesè ak estaf nan lekòl pitit mwen an respekte angajman yo.


20. Grasa estaf nan lekòl sa a pèfòmans akademik pitit mwen an amelyore.


21. Elèv nan lekòl pitit mwen an respekte pwofesè yo.


22. Anjeneral, mwen respekte pwofesè nan lekòl pitit mwen an.


23. Nan lekòl pitit mwen an, yo toujou ap ranfòse règ yo mete anplas pou konpòtman elèv yo.


24. Anplwaye lekòl la ankouraje elèv yo pou yo respekte diferans yo genyen antre yo (pa egzanp, sèks yo, ras yo, kilti yo, elatriye).


25. Adilt k ap travay nan lekòl pitit mwen an trete elèv yo avèk respè.


26. Adilt ki nan lekòl pitit mwen an bay enpresyon ke yo travay byen youn ak lòt.


27. Mwen swete pitit mwen te ale nan yon lòt lekòl.


28. Estaf lekòl la gen yon enpak pozitif sou konpòtman pitit mwen an.


29. Règ yo etabli pou konpòtman elèv nan lekòl pitit mwen an, jis.


30. Pitit mwen ka al jwenn zanmi l yo nan lekòl la si l gen kesyon konsènan devwa pou l fè lakay li.


31. Pwofesè yo nan lekòl la etabli relasyon solid avèk pitit mwen.


32. Pitit mwen gen zanmi nan lekòl la ke li ka fè konfyans e ke li ka pale avèk yo sou pwoblèm li genyen yo.


33. Mwen konnen kisa k ap pase nan lekòl pitit mwen.


34. Lekòl pitit mwen an eseye fè manm fanmi yo patisipe nan aktivite lekòl la.


35. Mwen patisipe aktivman nan lekòl pitit mwen an.


36. Paran yo patisipe nan pran desizyon enpòtan ki konsène lekòl la.


37. Pitit mwen fyè de lekòl la.


38. Mwen santi mwen alèz pou mwen pale avèk pwofesè pitit mwen yo.


39. Mwen byen konnen kijan pitit mwen ap travay lekòl la.


40. Mwen santi yo akeyi mwen byen nan lekòl pitit mwen an.


41. Mwen konnen kisa pwofesè pitit mwen an atann ni ke pitit mwen fè.